Se te yon jou jedi, yon jou jedi nan aprè midi, mwen te san distraksyon epi m tande baryè lakou a louvri. Se te Anastabelle, kouzin mwen.
⁃ Que pasa maldito ?
⁃ Alo w lavoum ak espanyòl ou yo tande Ana
⁃ Depi w wè sa w grangou!
⁃ Non m raz, m pa p fè anyen.
Menm moman an li pwopoze m soti, m monte machin mwen avè l li di m direksyon taba nou pral nan yon ti pisin prive. Sou wout la l ap mande m konsèy sou relasyon l. Li gen kat mennaj li pa konn sa pou l fè paske li pa anvi kite yo, yo chak itil. Epi mwen m ap panse poutèt pa m, m ap di èske se pa menm bagay la m ap viv ak Adelina.
M pito konsantre m sou ti plezi an m pral pran an. M fann wout tòsèl la an de, tankou m te gen lanmò. Nou rive nan kay la, gen yon gwo chen, anpil pyebwa epi gen detwa jèn gason nan yon kwen k ap voye detwa paf anlè. M pase m salye yo. Yo rele kouzin mwen an, manmzèl pase li pa okipe yo.
⁃ Epi w te di m se yon bagay prive. Pou tout moun sa yo m gentan wè a.
⁃ Ah dejwe sa yo se zanmi pitit fi mèt kay la.
Epi m ap vanse rive bò pisin nan, m rive m wè yon bagay, yon bagay m paka defini, ni pwoche pi pre tèlman m timid. Se te yon fanm jòn ak yon bikini jòn sou li, ou pa ta di manmzèl toutouni nan pisin nan. Sèl li ak yon ti gason ki te nan pisin nan ap benyen.
M peze zòtèy gwo pous mwen, m di fò m pale ak fanm sa kan mèm. M pase m kòmande de byè sou ba a, pandan tan sa m al chanje m. M te pot yon ti chòt jòn tou ak desen anana sou li pou m te benyen. M al lave kòm avan m antre nan dlo a. M ap fè jako pye vèt bò dlo a epi m ap fè ti foto pou m mete sou estati whatsapp ak instagram mwen.
Epi yon mesye kout ak yon mayo foutbòl Milan sou li pote byè yo banm, m di “Bon !!! Match la koumanse wi Dali.”
⁃ Bonswa, byè sa se pou ou !
Li gade m delatètopye li di m “Non mèsi m pa bwè byè”
M wont, m pa konn kisa pou m fè. Epi m di :
⁃ Ou wè nou met menm koulè kostim deben ou ta janti avè m. Ou tou deja kopye sou mwen an.
⁃ Gade kijan l komik, enben bwè li pou mwen.
⁃ M rele Dali.
⁃ M konnen, ou se kouzen Anna. Mwen se Ruth
⁃ O! Ou konn Anna?
⁃ Wi li se zanmi papa m. Nou konn pale.
Nan kè m, m gentan wè ke Anna se bèlmè Ruth. Paske sou wout la, Anna te di m se kay youn nan mennaj yo pisin nan ye.
Epi nou fè rès jounen an ap pale, m fè l fè laplanch. M ap gade vant manmzèl, tou lonbrik li tankou yon toubiyon k al rale lespri m. Bò vant li gen yon tatou siy skòpyon. Je li mawon, nen li piti, dan li doukla epi bouch li pwès. M pa bezwen wè jan lòt bouch la gwo, deja nan bikini an m ap gade jan l boude, epa san rezon li se siy skòpyon an. Se te yon bèl moman. Gade jan m t lakay mwen byen raz epi m al tonbe sou yon bèl kreyati konsa. Lavi saaaa !!!
Epi mwen pran nimewo Ruth, li di m ekri l kou m rive. Ayayayyy m santi m jènjan. M chanje mach, m mache tankou yon pan, m ouvri zèl mwen. Men jiskaprezan, m pa wè van larenn Annastabelle. Depi lè nou parèt la li monte yon macheskalye an bwa epi li di m l ap vini, apre sa l pa janm desann.
Mwen monte machin nan m klaksonnen, epi menm moman an li soti ak yon sigarèt nan men li pandan l ap tache bouton pantalon l.
⁃ Ou sot byen pase masè !
⁃ E ou ? M t ap gade w sou balkon an wi jilèt.
Epi nou tonbe ri. Direksyon petyonvil lakay mwen dwat. Anna ap tou dòmi lakay la paske l pral fè yon ankèt lewogàn demen bonè.
Mwen rive bò onzè, premye sa m fè se branche telefòn mwen nan chaj. M kouri benyen, m foure boksè m sou mwen epi enstale m sou kanape a pou m ekri manzè Ruth.
⁃ Je suis bien arrivé
⁃ Cool. J’ai apprécié le moment
⁃ Pas plus que moi. J’espère qu’on se verra sous peu.
⁃ Déjà ? Lol
⁃ Oui, je suis un Goblin, je ne peux résister face à l’or.
⁃ J’y penserai. J’ai sommeil, je te souhaite une bonne nuit.
Oh sa k pase la ? Jan m te pare pou m vide tòk sou Ruth.
Demen maten m leve, m al lekòl. M fè tout jounen an ap panse ak Ruth. M te gen yon kou a senkè m pa menm ret tann pou m kouri monte pou m ekri Rut. Lè m rive lakay mwen pou m ekri l, chèche telefòn m pa wè telefòn. Yo bon sou mwen nan lari a.
Lavi sa monchè se benyen yon bò kite yon bò. Kounya kijan m pral fè ekri bèl grimèl lan la ? M santi fè a cho, se pwofite bat li. M kontrarye!
Eurêka! Men li te di m li konn pale ak Anna. Ban m tann Anna tounen sot nan ankèt la. M chita sou galri a m ap tann ak kas mwen nan zorèy mwen ap tande zouk. Se konsa manman m parèt li di m Anna ap rele m li paka jwenn mwen, li t ap di m se demen l ap vini.
Ah pou m tann jis demen kounya. Lanati pako vle m tonbe nan domino a vre. M reziye m, m pase !
Demen balanse pou en, pou de Anna parèt. San m pa di l bonjou kijan sa te pase, m pran telefòn li an pou m ekri Ruth.
⁃ Hey beauté! C’est Dali, mon tel est égaré hier en ville. Je pense à toi.
Okenn repons, jounen an pase anyen menm. Kèt! Sa k ap pase konsa ?
Li reponn jis bò minwi. Anna pot telefòn nan banm ak tout yon dòmi. Epi m antre dirèk sou mesaj.
⁃ J’ai vu que tu m’as écrit, mais le message n’est pas encore disponible.
⁃ Ah c’est pas grave! L’essentiel c’est que tu m’aies écrit.
Nwit mwen bèl, nou ekri koze nou. M di l tout sa m santi. Nou fè lanmou nan telefòn. Foto tonbe, videyo tonbe. Men li pa mande m foto, sa pa t deranje tou. M chanje boksè m de fwa nan nwit lan. Li di m li ta anvi m mare men l pou m ap tape l. Li di m bò kou l sansib, tete l menm se pa pale. M gentan imajine jan m pral pase lang mwen an bò koul pandan m ap woule tete l.
⁃ Si w ta vle m fòl, mete bouch ou nan fant janm mwen. M renmen sa anpil.
⁃ Se pa sèl bouch mwen m ap mete, tout lang mwen, tout nen m ap goute.
Li rele m menm moman an, san m pa di Alo m tande l kap souse yon kann nan zorèy mwen. M tou pèdi lapawòl, chak sa l ap fè l ap di m, epi de je m fèmen. Lè l rive nan terre promise lan l ap woule l, bri l kòmanse monte pi wo, se lè sa mwen m ateri san m pa fè bri. Epi li tou rakwoche tankou li t konnen m rive. Yo rele sa tiz, e li byen tiz mwen.
Menm swa a, nou kontinye ekri, nou pran randevou nan yon otèl ki fleryo, m di l eske l ka vini san kilòt, li di wi. M di l mete yon wòb long byen moulan. Li dakò. Twazè dimaten n ap ekri toujou.
Moman an rive, m gentan rezève, m ap tann li. M pale ak responsab yo m di yon gen madmwazèl ki rele Ruth k ap vini kote m, pou yo voye l pou mwen. M tou achte yon boutèy diven, m fè yo banm li ak de vè.
M nan chanm sis. M wè lè Ruth desann moto an, ak wòb long wouj li sou li byen lejè k ap kouri anba karès van an, de anch li yo ouvri, pwent tete l kanpe tankou l pa mete soutyen. Li met yon bèl linèt je chire. Yon bèl valiz gri nan men li, tankou yon dam. Pandan tan sa pwa m ap kwit sou dife. M ap mòde po bouch mwen.
Lè m di w sa, ti towo fè de kout tèt nan pantalon m. M gentan imajine sa m pral fè ak Ruth. Jan nou pral pataje yon bèl moman. M san pozisyon, m bwè yon gòje diven pou m kalme tansyon an, kè m pran bat tankou tanbou kongo. Pwa m sou dife ap kwit, m mete l depi avan m rive nan otèl la. Li kòmanse cho.
Toc toc toc !
Twa kout son fèt nan pòt la, m vale krache, m kòmanse swe. Epi m ouvri pòt la.
⁃ Men… Se pa ou !!!
⁃ Kòman ? Ou bliye m Ruth ?
M gad nan glas pou m wè si se mal m mal abiye, m pran sant anba esèl mwen. M pa ka konprann.
⁃ Se ou ki t ap ekri avè m nan Dali ? Sou nimewo Anastabelle la…
⁃ Wi Ruth, bon m t di w telefòn mwen pèdi
⁃ Men m pa t wè mesaj la. M t di sa. Kèt !!!
Li met men sou fontenn li. M se yon grantimoun, m kòmanse konprann mouvman an. Kounya m ap eseye jwe pou m tou bon sou li pandan l gentan antre nan chanm nan. M ap eseye bo bò kou l . Ruth kanpe dan, se pa mwen !
– M pa p k rete paske m pral nan reyinion pou ti frè m.
– Ok Ruth! Se pa grav. M kontan kanmèm ke w pase.
– Dezole! Pote w byen.
Li bo m nan kwen bouch. Epi Se gade m gade m wè do Ruth prale sou yon moto, m ret la nan chanm sis la… M gèlè pa p sis ! Gad kijan yon nwit te long tankou wòb Ruth la, epi pou jounen an pase tankou yon bout jip.
M sou wout la m ap tounen, sèl fraz ki nan tèt mwen se : “Se Pa Ou”
Epi m tonbe ri…
Lol
J’aimeJ’aime
ℓoº°˚ 😂˚°ºo ℓ
J’aimeJ’aime
Wawwww
Yon bél téks
Yon téks tét chaje
Congrats 💯🔥
J’aimeJ’aime
Mais quelle histoire de oufff ! Sa bel rirreee j’ai bcp aimé. Mes compliments Dala !
J’aimeJ’aime
Teks la rèd a mò bravo franjen mw pran sanm li tout vakam nan, ou Oran nan kout pa konprann siw te konnen ou te degize en kouzin ou an Annastabelle😂😂😂😂😂
J’aimeJ’aime
Mwen regret sa pou ou ! Men Sòs pwa sa si sou chodyè sa biggo !!! Bel teks man
J’aimeJ’aime
Woaw!!!!!!Félicitation Ichamy de Byne.Ruth di se pa ou,mwen mkonnen se ou.
J’aimeJ’aime
Bel teks Dalaï sispann la komanse depi lem ap li teks la jiskaske fini mwen ta byen renmen viv moman sa ak demwazel jon nan pran jof la avel tou, Ateri pi long pase lew Tap imajine a😂😂😂 men se apre mwen reyalize menm Jan avew anyen pa fet
J’aimeAimé par 1 personne
Bien ecrit em renmen fen an…tout histoire la mete moun en haleine pouw knn sa ki pral riv😍
J’aimeAimé par 1 personne
Bagay sérieux Dali
M pran tiz oui 😂👍👍👍💯💯💯
M damou fin an
J’aimeAimé par 1 personne
😭 c trop chou m vle li plus plus
Suspens lan fe coeur mw bat
J’aimeAimé par 1 personne
Men Annastabelle kapab😂😂😂😂. Mwen fè tout lekti an ap souri men nan fen an m sezi😱🙌.
Chapo Dali ! Anpil talan, kontinye bro.
Sonje nap tann rès 20 ans de plus lan ! 🙌
J’aimeJ’aime
Hahah e li menm tou ap di se pa ou
J’aimeJ’aime
Chapo frem. Sel sa’m konnen si se te ou Ruth t’ap jwenn koze pou’l pote al lakay li.
Felisitasyon Dali, ou itilize klavye’w pa pou jwe mizik Nan zorèy mwen, men chak ti mo plonje’m Nan on linivè imajinasyon ki chaje ak pasyon, tandrès.
Bravo boubout mizik.
J’aimeAimé par 1 personne
Bravo Dali! Bèl istwa e byen ekri
M renmen janl fini yan.
J’aimeAimé par 1 personne
I was shocked when I read your story … the best one . Keep going💯
J’aimeAimé par 1 personne
M pap janm sispann ri tèks sa!!
J’aimeAimé par 1 personne
Lol m konn sa.
J’aimeJ’aime
😭really 😭😂💔wow
J’aimeAimé par 1 personne
Yowwwww , sa move broh…
💥💥💥💥💥💥
J’aimeAimé par 1 personne
En fin de compte se Anna ki jilèt sepa Dali…
Toujou menm bagay la bon travay!
J’aimeJ’aime
Rete😹😹😹
Se komsi map tann on bagay tju mwen vle dis on suite🥲
Gadon texte😻
J’aimeJ’aime