“Fanm sa ki gen yon gwo langyèt, langyèt li klere pas on fèy tòl, m pral desann lavil ooo m pral achte yon langyèt pou m fè l kadooo”
Nan Kenskòf gen yon kaka kleren ki rele Bwazo ki tèlman konn di betiz sa lakòz tout moun sou katye a pè l. Gen moun ki menm kite katye a pou li tèlman li met nan lavi moun sa yo. Nonm nan mèg tankou grenn alimèt. Depi sou non l. Li toujou ak yon chemiz vèt sou li, tankou yon inifòm. Cheve l siwo, je l tankou boutonnyè moun fou.
Li la pou tout okazyon, li fè chante rara sou moun chak lè sezon rara rive. Te g on fanm ki te veye minui tapan li kite mari l sou kabann pou l al jwenn vwazen an. Moun yo fin mete nan kò yo, epi bò dezè fanm nan ap tounen, l ap pase sou lantiraj kay ki separe kay vwazen an ak gran chimen epi gen yon chen chas koulè tig ki tonbe kouri dèyè manmzèl, grenn sandal rete, chen an rache wòb ki te sou li a.
Bwazo te la nan moman an, Bwazo toujou la, Bwazo se kapòt pantè, li pa ka pa la. Sa w tande an chante gentan konpoze sou fanm nan. Chante an pati kon sa :
“Eliz ooo Elizzz ooo nan veye pou kite nonm ou pou w al pran zouti kwochi, ou fè wout kwochi, men chen manke manje langèt ou”
Tout moun sou katye a konn chante an, tout moun konn ki sa Eliz ap regle. Fanm nan leve yon bon jou li kite katye a, li kite mari l a kat pitit dèyè.
Gen yon nèg menm ki pèdi lakominyon li ki al annafè ak bòn nan kay la, bòn gwòs, deblozay pete. Bwazo tande, epi mizik konpoze.
“Lifèt oooo mwen di Lifèt ooooo ou kite koko bannann ak piskèt pou tonbe nan koko yanm san sòs”
Ni Lifèt, ni bòn kite katye a, moun pa konn sa yo devni.
Chak tan se kon sa depi yon bagay rive Bwazo konpoze chante. Premye novanm menm ak de novanm, plezi l se chita ak baton nan men l, radyo l byen fò ap jwe mizik manbo Selina, li devan pòt simityè komin nan sou yon chèz pay pou l joure moun ki gen Gede. Men moun sa yo pa konn gen bon lwa vre, se de moun ki gen foli lwa, k ap mete poud ak linèt tèt anba. Bwazo toujou ak boutèy kleren li melanje ak piman pou l flite sou fo Gede sa yo, piman pa fè l anyen li menm. Se tankou san Bwazo se ak kleren ak piman li fèt, chak jou l bwè kleren.
Men yon bon jou, gen yon bon Gede Zariyen k ap antre al salye bawon. Se yon fanm ki rele Kalin sou katye a ki chwal la, yon fanm apa moun pa fasil wè.
Gede an ap antre ak yon boutèy wonm nan men dwat, yon balèn nwa nan men goch. Men yo kwaze, l ap pale ak bawon. Pye atè, wòb nwa e mov li, linèt tèt anba, poud nan figi, bwa bourik li nan bouch li ap fini sou plas. Epi Bwazo parèt…
⁃ Ho bonswa manman Gede !
⁃ Kouman ou ye pichè ?
⁃ Mwen byen wi manman koko vè. E ou menm ?
⁃ Nou la wi bwa kochon pa bezwen n ap gaspiye sitwon nan lave zozo w pou mouchavè pa fini avè l. Tout anndan w santi dlo pwa dòmi ki nan mamit bouzen sen silvès.
Te gen moun la, tout moun sezi, yo wè se premye fwa yon gede reponn Bwazo ak betiz. Yo kite sa y ap fè pou tande. Te g on machin fritay ki kouvri bak li, li di moun yo talè retounen vin achte.
⁃ Se pandan m chita epi m pran sant yon koko chawony tankou chen mouri ki gonfle nan solèy midi epi m di manman Gede la.
⁃ Ban m ranje mimèt mwen pou m pale avè w manje ranje. Sant moko sa ou pran an se depi lè zonzon w te fin fè kadejak sou chwal mwen an, malgre l te met konkon l solèy sòs kalanbè vèt k ap degoute nan bwa w la pouri andan l. Zozo woulobay santi pase aran chen niche.
Bwazo santi bagay la rèd, li rale boutèy li epi pouse Gede a yon piman pou l wè si Gede a p ap kouri. Gede ri. Bwazo sezi.
⁃ Bon kounya ou ban m piman, m pral ba w piman kras mayi santi nan kwen dan. M pral fè tou bonda w vire lanvè pou tout pichè ki la ka wè fyèl ou ki santi pase dechay ki tache nan twal san ki sere nan kwen kay chen raboure. Boul kolangèt manman w sèt fwa pa jou ak tout bokit kaka vant pase lameri lage nan bouda l.
Bwazo kouri anba piman, moun yo rele viktwa, yo kouri dèyè Bwazo y ap chante :
“Bwazo jwenn a yon Gede ki pa nan kaka, tou bouda Bwazo tounen akòdeyon pou n chante.”
Moun yo pote Gede a, yo bat bravo. Bwazo pa janm tounen sou katye a, li ale sèl ak rad sou po li. Depi lè sa Kalin tounen yon respè sou katye a.
Gede mete lòd nan dezòd, Gede bay moun yo jistis yo.
Bòn fèt Gede tout moun, nan lanmou, nan pataj, nan batay pou lavi.