Enfidelite

« Depi fanm sa antre nan kay la mezanmi kay la kraze ooo, depi penbèch la antre nan kay la mezanmi kay la balanse ooo »

Se mizik sa m t ap fredone pandan m chita nan yon ba otèl ki laboul 12 epi yon dam antre sot travay. Premye sa l di se : « Tande gwosè mizik w ap tande » li souri epi l chita li kòmande yon vè diven blan. Mwen tann yon bon ti tan pase mwen di « Wi, se yon bèl mizik »

Li ri epi l di : « Apa w te tande » mwen ri epi m retire kas la pou m ka ba l atansyon m. Li vire tèt li sou ba a, li ban m do :

⁃ Ou jèn pou w ap tande mizik sa yo, sa se bagay pou kite pou mwen.

⁃ Mwen twò jèn pou m di w bèl oswa pou m envite w pran yon vè ?

⁃ Oh ! Vous avez l’intention de m’inviter cher monsieur ?

⁃ Pourquoi pas ?

Li fè m siy pou m vin kote l la. Mwen timid, m ap tranble men m pa montre sa paske fò m fè bon enpresyon. Pandan m kanpe m ap gade pye li nan yon talon nwa ak yon kitèks blan, se premye fwa m wè zotèy bèl konsa. Li gen yon pantalon twal ble-maren ki kite tout fòm li ap fè lago kache ladan. Podjab chèz la ki pa t ka kache fòm sa. Li met vès ki te sou li a sou yon lòt chèz. Chemiz blan ki sou li an deboutonnen, epi m ap gade mèvèy Moyiz ki fann lestomak madanm nan.

Mwen chita, m ap gade bouch li k ap bwè nan vè a, m ta twoke vi m pou yon grenn vè, nou pako di lòt anyen, li konnen m ap admire l, li kite m gade je mawon l yo k ap siyonnen ba a se tankou m pa la, zorèy li gwo tankou se li k te chwazi fòm zorèy la paske li mete yon zanno pandye ki pou atire rega sou yo.

M kòmanse konvèsasyon an :

⁃ Ou panse diven dwe bwè nan moman ou kontan oswa lè w tris ?

⁃ Ou panse m tris oswa fache ? Selon ou…

⁃ Mwen panse w bèl, e mwen panse w dwe toujou kontan pou sa.

⁃ Ou remake m pa fè laj ou ?

⁃ M remake ou pa suiv laj ou.

⁃ Ou te pare repons ou yo, lol. Ou gen mennaj euhh…

⁃ Dali. Rele m Dali. Wi men…

⁃ Pa mete men, pa gate anyen, an n ret onèt.

⁃ Deal !

⁃ An n di mwen avè w sa fini nan yon chanm kounya, ki sa w espere apre ?

⁃ Sa pral depann de anpil bagay.

⁃ An n monte ak vè yo nan yon chanm.

Manmzèl peye diven an, mwen peye chanm nan.

Nou rive nan chanm nan te gen pòno nan tele a, li vire l, m di tèt mwen ki jwèt li ap jwe la. Epi l kòmanse ap esplike m jan endistri pòno a mal vann sèks. Kilti manzè fè m bande.

⁃ Poukisa w pa mande m laj mwen Dali ?

⁃ Depi a ki laj ou bèl kon sa ?

⁃ Lol, m gen 38 lane, demen ap ban m 39. M rele Nadine m wè w pa t mande m non m.

⁃ Wow, bòn fèt. M pa vin a kado.

⁃ Pwopoze tèt ou.

Tout san nan kò m glase, m pa ret cheve nan tèt mwen, dwèt mwen anestezi. Li retire talon an, m pran pye dwat lan m ap mase li, manmzèl fèmen de je l, m kòmanse bo pye l, li ap fè ti bri. M soti nan pye l rive bò kwis li, pye l eksite m anpil. Nou pa konn kilè rad nou sot sou nou. Li monte sou mwen, an mòd Andromaque, li kòmanse bo m, de je m fèmen m panse se yon rèv, sa fèt vit, sa fèt bèl e sa fèt pwòp.

Bouch li dekouvri tout pati nan kòm, se te youn nan ra fwa m t ap jwenn yon tretman konsa, li vide diven sou kòm epi l ap bwè yo. Li ap gade m, li gen kontwòl sitiyasyon an, li santi pwen fèb mwen nan tete m, li fè pwent lang li fè travay la. Nadine pa t ban m tan pou m fè l plezi, Nadine te vle m fou, e m te fou nan moman an. Li monte sou mwen, m pran yon kapòt ki te sou ti bifèt la. Li mete l pou mwen. L ap souri pandan l ap fè sa.

Pandan tan an m pwofite mete yon playlist RNB pou sa k pral fèt la. « Nacked – Marques Houston » se premye mizik ki monte. M di l figi m se yon chèz, li souri epi l monte li chita sou figi m, li preske rache cheve m, l ap gouye ak pasyon sou figi m, tèt li leve anlè, li pran men m mete sou tete l epi m ap karese yo, epi men li ap karese peni m, li eksite li kòmanse gouye ak raj. Delij Noé a anvayi bab mwen. Li pa ka reziste ankò li leve sou figi m.

⁃ J’aime ce que je vois. Dali 2.0. Lol

⁃ Fais-en ce que tu veux.

Li monte sou mwen, rèl li sonnen byen nan zòrèy mwen. Se tankou li t ap fè koral a mizik la. Li kòmanse bo m ak pasyon pandan m ap mòde po bouch li ak menm pasyon an, li kòmanse ap monte vwa l epi m sere l nan bra m byen fò.

Nou chanje an levrèt, se lè sa m ap dekouvri yon tatou dat an chif women nan senti li. Wi, m 100 fwa pi eksite, li di m tape l, se tankou m t ap fè erè sa. Chak tap m bay, m ap gade dèyè l k ap tranble an ralanti. Epi l ap rele m “Papi” ! Nanm mwen pa sou mwen ankò, m varye. M ap gouye an senkwonizasyon ak li, li renmen sa, m gouye sou son mizik la, sentim tounen likid, li di m l ap vini, m pa chanje rit lan, m pwofite ba l dan krab la epi lòt men m ap karese klitoris li pou m monte nivo an pi rèd pandan m kenbe rit la. Li fè gwo bri, li rale dra a li vini. Pye l ap tranble tankou fèy bwa tchatcha.

⁃ Se tou pa w pou vini kounya Dali.

Li retire kapòt la, l ap karese m, l ap souse tete m epi l ap ede m mastibe, moman li santi m preske vini li kòmanse souse peni m pandan je l kale nan je m, mwen ateri, m retire l nan bouch li, m te anvi vini nan tout figi l, nan tout bèl je mawon li yo, nan tout cheve l. M rele tankou yon gwo papa chen mawon k ap reyini twoup li pou yo al vòlè kabrit. Wouuuuuuu ouuuuuuu !!!! Epi men m nan cheve l preske rache yo.

⁃ Je file prendre une douche fò m antre vit paske deyò a pa bon.

⁃ Ok Dine, m ap f on ti rete pou m repanse a mèvèy sa m sot viv la. M pa ka kwè. Wow!

Li fini, li bo m sou fwon, li peze dèyè m epi l ale. Piga fanm sa fè m fou non. Tèt chaje !

Li ale li pa menm ban m nimewo l, ni anyen pou m ta kontakte li. Li vrèman bezwen m varye nan lari Pòtoprens apre bèl plezi sa. Tankou yon zonbi k goute sèl ki pa mande rete.

Mennaj mwen ban m plizyè apèl manke, m santi m yon jan mal e wont. M pa reponn. Epi an demen m al nan travay li a byen bonè, pou m ba l yon pawòl. M pote yon ti kat ak bèl ti pawòl ak chokola.

⁃ Mèsi Daloulou. Yè ou te manke m.

⁃ Mwen konnen doudou, m pa t santi m byen m te santi fyèv.

⁃ Awww pauvre chouchou. Demen se fèt papa m, mwen vle w vini w a tou konn papa m ak manman m. Piga w fè lach non.

⁃ Oh bon e madanm mwen w ye pou m pè konn paran w. M pa p rete twòp non, m pral suiv yon kou talè la.

M bo ti mennaj mwen an, sèl ti mennaj m genyen an epi m ale m al panse a moman m te pase yè a. M repase menm mizik Nacked la epi m fèmen je m m ap niche bouch mwen, sant pafen Nadine tache tankou lank nan lespri m.

Demen rive, m abiye tankou konpè kòk. Pantalon « jeans » ble-syèl mwen, « c. boots » gri, chemiz blan 100% koton, epi yon pafen (Hugo Boss – The Scent) sou mwen. M santi m plizyè, m demare ti Camry m nan epi m pran direksyon fèt la.

Lè m rive mennaj mwen abiye menm koulè avè m. Lanmou wi. M kontan, m bo l, epi m wè papa a m pote kado pou misye, m wè manman an, kouzen, kouzin, ti frè ak ti sè.

⁃ La famille au complet ma chérie.

⁃ Oh non, manke kèk manm wi papi.

⁃ Ah ok, fanmi an bèl.

⁃ M g on matant mwen, tèt cho li pako parèt. Fi sa toujou g on nouvèl pou l ap ban m. Yè swa l rele m pou l ban m zen yon rankont volkanik li fè, li pa t gentan fin ban m zen an men m santi se yon bèl plimen l te fè.

⁃ Oh sa bèl. Lol.

Manmzèl pako fin pale, m pako fèmen bouch mwen, Nadine ap parèt ak gran linèt, gran valiz, gran talon vin nan fèt gran frè li.

⁃ Papi men moun fou m t ap di w la. Tatie voici Dali mon mari chéri, papi voici Nadine.

⁃ Enchanté madame Nadine…

⁃ Non Dali. Tu peux m’appeler TATIE.

M cho m frèt, m pa konn kijan m santi m, mwen pè, mwen wont, mwen santi kè m ap sot tonbe. M anvi kouri, m anvi mande kot twalèt la ye paske m pa t bon menm.

Epi « Tatie Nadine » chita sou menm tab la, nou 3 a, epi li re-louvri sijè li t ap pale ak mennaj mwen an. L ap esplike mennaj mwen an jan jènòm nan t ap byen jere l, epi tanzantan l ap gade m, li antre pye l nan foul mwen anba tab la. Apre kèk tan Tatie retire kilòt li pandan mennaj mwen an vire tèt li epi l lonje l ban m anba tab la. M gade m wè se yon tanga nwa. M ap vale krache, m ap swe, mwen di mennaj mwen an m gèlè pral gen fyèv ankò. M bwè yon boutèy diven nan 2 minit.

M pa konn kilè pou fèt sa fini pou m soti nan kalamite sa.

Ki sa w t ap fè ? Mete w nan plas mwen…

Ala traka pou Dala !!!

Publié par Jacques Dalaïcham Ganthier

Surtout ne me laissez pas jouer avec votre imagination!

6 commentaires sur « Enfidelite »

Laisser un commentaire

Concevoir un site comme celui-ci avec WordPress.com
Commencer